jeudi, septembre 19, 2024
spot_img
AccueilTOUTOu mèt fil Biden nan pou mwen, epi m'a degaje m', pou...

Ou mèt fil Biden nan pou mwen, epi m’a degaje m’, pou m’ jwenn kote pou m’ rete.

Ou mèt fil Biden nan pou mwen lè m rive m’a degaje m

Nan dènye tan yo, yon fenomèn tris ap pran plas nan mitan kominote ayisyen an ki benefisye de pawòl imanitè pou antre Ozetazini. Malerezman, anpil nan moun ki te benefisye yo nan lari, san kay, kèk jou oswa mwa apre yo rive. Nan atik sa a, nou pral plonje nan reyalite difisil moun sa yo ap fè fas ak konsekans chwa yo ak desizyon genyen sou moun ki te ranpli pou yo te ka vini.

Aterisaj San Akèy

Gen ka ki te parèt nan nouvèl la, tankou sitiyasyon kèk moun ki rive nan ayewopò Boston, kote pa te gen fanmi oswa zanmi pou resevwa yo. Yo te oblije rete nan ayewopò a, otorite yo te pran desizyon pou mete yo nan otèl epi voye bil yo bay moun ki te dakò pou vin sponsò yo. Reaksyon piblik la varye: gen moun ki kontan e sijere ke imigran sa yo ta dwe manje manje ki pi chè nan otèl la, pou sponsò yo peye plis. Men, èske imigran yo pa t konnen yo ta bezwen jwenn kote pou yo rete?

Lè m Rive M’a Degaje M

fil biden pou mwen

Souvan, moun ki aksepte vin sponsò yo, fè sa paske yo vle ede. Yo souvan di benefisyè a, « Hey, m pa gen pwoblèm pou m ranpli pou ou men m’ pa gen kote pou m’ resevwa w. » Epi, repons benefisyè a se souvan se « Ok, ou mèt fè l, lè m’ rive m’a degaje m. » anpil fwa moun na finn di sa men li pa degaje l vre, oubyen li pa jwenn moun pou resevwa l.

Sa montre yon mank preparasyon ak planifikasyon pou sa ki pral pase apre yo fin rive. Anpil benefisyè konnen davans ke sponsò yo p ap ka vin chèche yo nan ayewopò, e souvan yo pa menm wè moun ki ranpli pou yo a paske yo ale rete kay fanmi oswa zanmi nan yon lòt eta, pandan ke moun ki ranpli a ap viv nan yon lòt kote.

Lè moun nan pa jwenn moun ki pou resevwal vre, li pa janm di esponsò a sa, li pran desizyon pou li fè vwayaj la kan mèm. Vwala ke lèl rive kòm li pa gen lòt moun, li oblije rele moun ki te fil pou li a malgre kondisyon an te klè, li te deja dil li pa gen kote pou resevwal. Donk lè benefisyè a rele moun nan le pli souvan li pat pare pou sa, swa li pa la li nan travay, swa li an deplasman nan yon lòt eta, swa li fè kòlè li di non mpap ka vinn chachew paske se pa sa kondisyon an te ye.

Gen ekzanp istwa yon moun yo te fil pou li ak tout manmanl ak frèl, moun nan te dil trè byen ke li pap ka resewa tout lakay li. Li te reponn depi yo rive yap degaje yo kan mèm pou yo jwenn kote. Vwala ke yo finn rive yo pat degaje yo vre yo tout gonfle kay moun ki te ranpli pou yo a. Moun nan vinn gen plis bil epi tout bouch sa yo ap manje nan kay la. Li pat gen le chwa ke mete yo deyò.

Konsekans Enprevi

Reyalite sa yo mennen nan yon seri konsekans enprevi. Gen benefisyè ki pran desizyon sa yo alalejè, yo panse yo ka jere sitiyasyon an yon fason oswa yon lòt, san yo pa mezire konsekans yo ka genyen pou moun ki te dakò ede yo. Sa a lakòz kèk sponsò, apre yo fin fè fas ak konplikasyon ak depans enprevi, deside kontakte otorite yo pou anile aplikasyon yo te fè pou lòt moun.

Epi Kòm otorite yo pran desizyon mete moun ki ret nan aypò yo nan otèl epi voye bil bay moun ki te fil pou yo a. Anpil esponsò ki te gen kondisyon sa ak benefisyè, yo pran desizyon anile demand yo te ranpli pou befefisyè kap tann ki poko vini yo.

Sa kreye yon vag laperèz pami moun ki t ap tann otorizasyon. Yo pè paske se menm antant sa yo te genyen avèk esponsò yo jwenn nan. Yo pè poum moun pa yo a pa fè demand anilasyon aplikasyon pa yo a.

Refleksyon sou Aveni

Sitiyasyon sa yo montre yon bezwen ijan pou refleksyon ak planifikasyon pi serye nan pati benefisyè yo. Pou yo respekte kondisyon yo genyen ak sponsò yo. Li enpòtan pou moun ki pral benefisye de paròl imanitè konprann ke desizyon pou « degaje yo » lè yo rive pa sifi. Yo dwe gen yon plan solid sou kote yo pral rete, kòman yo pral manje, e kòman yo pral entegre nan sosyete a. Li enpòtan tou pou sponsò yo klè sou kapasite yo pou ede epi pou yo gen konvèsasyon onèt ak moun yo ap sipòte yo pou evite enkonpreyansyon ak konsekans negatif.

Li tap toujou pi bon si se Ayiti ki ta vinn gen estabilite epi devlope mwayen pou bay moun yo plis opònitiné ak posiblite ki ka pèmèt yo rete viv nan peyi yo. Men kòm sanble solisyon sa lwen toujou donk anpil moun oblije reziye yo epi aksepte ke yon bon moso nan popilasyon an deplase ale chache lavi lòt kote.

Donk tout moun ki vle bay esponsò nan pwogram imanitè a ni moun kap benefisye yo si poze gen bon dyalòg fran ak respè sou antant ke yo gen antre yo. Tout esplikasyon dwe klè ni youn pa dwe eseye twonpe lòt. Si benefisyè yo fè efò pou montre respè a bèl jès sa ke esponsò yo fè, plis esponsò ap deside ranpli pou moun ki donk plis moun ap benefisye. Benefisè tanpri fè efò pou rann sèvis la pa bay chagren.

Caribe Channel Haïti
Rezo Caribe Channel
www.caribechannelhaiti.com

Elle encourage les gens à voyager comme elle l'explique 1

Autres Services:

Création de site web ou de blogue, cliquez ici pour plus de détails.

Caribe Channel BIZNIS

RELATED ARTICLES
- Publicité -spot_img
- Publicité -spot_img